Les jeunes écrivain Haïtiennes Avec PDG Michelet l'homme sage le petit poète
*Les Jeunes Écrivains Haïtiens Avec PDG Michelet L’homme Sage Le Petit Poète**
1. *Respè*: Tout manm dwe trete lòt ak respè. Pa gen plas pou jouman, ofans, ni jijman pèsonèl.
2. *Objektif Gwoup la*: Sa a se yon espas pou devlope talan jèn ekriven ayisyen, ankouraje lanmou pou powèm, tèks poètik ak literati.
3. *Lang itil*: Kreyòl ak Fransè se lang prensipal gwoup la. Nou ankouraje ekriti nan lang sa yo.
4. *Pataje kreyasyon*: Nou swete tout manm pataje powèm oswa tèks orijinal yo. Kopye san otorizasyon entèdi.
5. *Kritik ak opinyon*: Opinyon yo dwe fèt ak respè, pou ede chak manm amelyore kreyasyon li.
6. *Pwofesyonalis*: Pa pataje kontni ki pa gen rapò ak objektif gwoup la (politik, relijyon, mizik san rapò, elatriye).
7. *Pa gen Spamm*: Pa voye mesaj repetitif oswa pwomosyon san konsantman admin.
8. *Angajman*: Chak manm dwe chache patisipe regilyèman, li, reponn ak pataje.
9. *Responsablite Admin*: Admin yo gen dwa jere kontni, mete règ, epi retire manm ki vyole règ yo.
10. *Travay kolektif*: Gwoup la ap mete sou pye pwojè tankou ekriti kolektif, piblikasyon, konkou ak atelye. Patisipasyon aktif mande.
Merci