🛒 Vinn Vann, Vinn Achte | An Sekirite 🔒
✅ RÈGLEMAN GWÒUP — Vinn Vann, Vinn Achte | An Sekirite 🔒
1. Poste sèlman pou biznis
Poste pwodwi w, sèvis ou, oswa fòmasyon w — pa gen blag, mizik, videyo oswa mesaj pèsonèl.
2. Respekte objektif gwoup la
Gwoup la se pou vann, achte oswa chèche kliyan, pa pou pale koze pèsonèl oswa mande minit.
3. Fè anons ou klè ak byen prezante
Chak anons dwe gen:
📸 Foto oswa afich
💬 Deskripsyon klè
💵 Pri (opsyonèl)
☎ Kontak ou oubyen Kliyan ap privew
4. Pa fè diskisyon sou gwoup la
Si yon moun enterese, kontinye pale an prive. Diskisyon sou pri, kesyon pèsonèl, oswa negosyasyon pa dwe fèt sou gwoup la.
5. Respè se obligatwa
Pa gen ofans, mo sal, oswa joure. Nou tout isit la pou fè biznis ak respè.
6. Ou vann, ou pran risk ou
Admin pa responsab pou tranzaksyon. Chak moun jere acha/vant li sou pwòp responsabilite li.
7. 1 avètisman, 1 sòti
Si w pa respekte règ yo, w ap avèti, epi si sa kontinye, w ap retire.